Imaj Teritwa
Imaj teritwa a fèt pou konplete teritwa a men li ka tou itilize kòm kat teritwa a nèt si ou chwazi fè sa.
Pou telechaje oswa chanje imaj teritwa a
ouvri pwopriyete teritwa a.
Ouvèti pwopriyete yon teritwa fèt sou paj
Teritwa yo.
Si ou pa sèten kijan pou jwenn aksè nan pwopriyete teritwa a, gade gid
Pwopriyete Teritwa la.
Telechaje imaj ou ta renmen itilize a lè w chwazi li sou òdinatè w epi
klike sou
bouton telechajman jan sa montre anba a.
Se sèlman fòma imaj
JPEG ak
PNG ki aksepte.
Yon fwa imaj la telechaje, yon
apèsi imaj la pral montre nan dyalòg pwopriyete yo.
Imaj sa a ka
efase nenpòt kilè lè w
klike sou bouton efase jan li montre nan imaj la pi ba.
Si ou ta renmen chanje imaj la, ou dwe efase imaj anvan an avan.
Apre imaj la fin sove, imaj teritwa telechaje a pral montre tou de lè w ap gade teritwa a
endividyèlman epi lè w ap
enprime teritwa a.
Yon egzanp kijan imaj la montre nan vizyalizasyon teritwa endividyèl la montre pi ba a.