Meni

Sant Èd

Eksplore sant èd la pou ou ka kòmanse oubyen aprann kijan pou ou jwenn pi plis benefis nan Territory Helper.

Kreye Etikèt

Etikèt ak make teritwa se yon fòm òganizasyon ak idantifikasyon fasil pou teritwa ou yo.

Ou ka itilize etikèt yo pou yon varyete laj de rezon. Yon egzanp se ka make teritwa ki se sèlman pou mache pou sèvitè teritwa a ka idantifye rapidman oswa filtre teritwa ki apwopriye pou piblikatè a.

Fòk yon etikèt kreye avan. Kreye yon etikèt fèt nan tab Etikèt yo andan paj kongregasyon an. Klike sou bouton Kreye Etikèt la ap pèmèt ou kreye yon etikèt jan yo montre anba a.
Filtraj teritwa yo baze sou etikèt yo fèt sou paj Teritwa yo.

Senpleman ouvri tab filtè a epi seleksyone etikèt ou ta renmen filtre avèk oswa san jan montre nan imaj anba a.
Pou plis enfòmasyon sou kijan ou ka jere etikèt kongregasyon ou a, li plis nan gid Edite ak Efase.

Pou aprann kijan pou asiyen etikèt sou yon teritwa, gade nan gid Etikèt Teritwa la.